Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Nou vle kenbe lang (KREYOL) nou pwòp, pou tout moun kapab wè jan l chèlbè tankou tout lòt lang. ZABOKA - MAGAZIN pibliye tout bèl zèv ki fèt nan lang sa a.

Zaboka - Magazin

ZABOKA MAGAZIN - Snyder Le voyageur de mot

ZABOKA MAGAZIN - Snyder Le voyageur de mot

Tout foumi se pent
Nan desinen rèv nou
Ak yon tach solèy ki sote

Tout foumi se potè
Nan bwote santimann toutouni
Pou-n kouri kite laj nou

******************************************

 

Istwa Dayiti

 

Lamizè defigire listwa Dayiti
Pak an pak
Jan li vle

Poutan
Chak fwa zetwal pran kriye
Sèvo-n mare ak pasdlo

An verite
Lavi pèdi wout kay li
Lè latè tranble anndan l

******************************************

 

Al mande li

Si lavi gen memwa
lap diw se sou pwèl Gonayiv
Ke souri nou kwaze
Toutouni
San li pat deranje vil la

Lap diw se la
Tout poto limyè vle ranplase bote Perle
Ak yon ribanbèl pawòl
Kap vwayaje sou lèv nou

Lap diw
se ak kadans Selmy
Tout riyèl chanje plas
britsoukou
Sou plim je lanati

Lap fini poul diw nan yon boutèy
Tout kontantman Snayder ap vwayaje
Nap vale mo
nap vale lajwa
Nou bliye tout retay solèy
ki vle seche rèv nou

**********************************************

 

Pase pou-n ta ri
Pito solèy la klete kè nou
Anba mòn nan

Pase pou-n ta ri
Pito-n dezabiye chak lonbray
Ki tann anba pye-n
Ak yon bout nwit


 

 

Partager cet article
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article